Massachusetts Rental Voucher Program, MRVP

Pwogram Koupon pou Lwaye Massachusetts
(Massachusetts Rental Voucher Program, MRVP)
Dat Limit Lotri Lis Datant 27 Oktòb

MRVP bay Koupon pou lojman yo pou moun ak fanmi nan Massachusetts ki gen revni fèb. Yo ka itilize koupon mobil sa yo nan tout Eta a.

Pwosesis aplikasyon an

Aplike nan mass.gov/CHAMP. Plis pase 100 ajans lojman aksepte aplikasyon yo. Ou ka jwenn epi retounen aplikasyon sou papye yo nan ajans lojman lokal ou. Yo pral seleksyone pa mwayen lotri aplikasyon ki te antre oswa ki gen so lapòs oplita le 27 Oktòb 2023 a 4:00 pm. Epitou ou gendwa itilize kòd QR ki anba a pou w aplike.

Kalifikasyon
Limit revni: 80% Revni Medyan Zòn lan (Area Median Income, AMI). Plis kritè ak priyorite sanzabri aplike. Ale sou mass.gov/MRVP pou w jwenn detay yo.

Ou gen kesyon?
Jwenn yon anrejistreman sesyon enfòmasyon resan nou an sou mass.gov/MRVP. Ou ka jwenn tou Kesyon yo poze souvan yo sou mass.gov/MRVP. Pou aranjman rezonab, èd pou lang, aplikasyon sou papye, oswa kesyon CHAMP, jwenn ajans lojman lokal ou a nan mass.gov/CHAMP.